LAKOU NOU

Demanbre nou se nan Vil Jakmèl - vil ki renome nan zafé kilti. Nou gen yon Gran Lakou bò lanmè, ke nou konstwi apré goudougoudou ( tranbleman de té a) 12 Janvye 2010. Nan lokal nou an, nou gen plizye estidyo pou fé mizik, sal montaj pou videyo, sal ekipman, espas pou atelye ak pwodiksyon, ak plizye lot sal de klas pou fé fomasyon ak seminé. 

Nou gen yon bél lakou, ki gen anpil pye bwa, flé, fwi ak zwazo, e an plis yon gwót ki mennen nou bò lanmè.