BANBILE REGLEMAN

Odisyon

Konpetisyon sa  louvri pou tout amatè ak pwofesyonèl, kèlkeswa laj yo, k’ap viv Ayiti kou lòt bò dlo.

Konpetisyon an gen 2 kategori: Chante & Komedi

Chwazi kategori pa w’ la epi fè video pèfòmans wa ak yon smartphone (telefòn entelijan) oswa yon kamera pwofesyonèl.

 

Pou ka gen plis chans genyen, fè videyo paw la konsa:

• Pa mete mayo reklam, pa kanpe nan espas ki gen piblisite nonplis

Si wa’p filme ak telefòn ou asirew kew mete telefòn nan orizontal.

• Fok gen bél limyé sou vizaj ou pou video a ka paret byen klè. Pigal flou.

• Son espas wap fèl la dwe bon, sa vle di fok pa gen bwi anbyan ki kouvri péfomans wa.

• Piga pèfomans la depase 3 minit.

 

Konpetisyon

 

·      Kategori Chante:·      fé yon video kote w’ap chante an akapela. Sa vle di w’ap chante san akonpayman.

·      Kategori Komedi: fè yon video kote w’ap rakonte yon istwa komik ki gen yon kotel koumanse ak yon kotel fini, sa vle di yon sketch, oubyen ou ka fè konpilasyon blag ke ou kreye, sa yo rele, liner.

·      Video a pa dwe depase 3 minit

 

Komite konkou a ap chwazi o gran maksimòm 10 patisipan pa kategori pou prezante bay piblik la pou yo ka vote pou moun pa yo.

W’ap gen pou prezante yon dezyèm pèfòmans e se péfòmans sa ke piblik la ap ka vote pou ou.

W’ap fè yon video ki pa depase 1 minit pou prezante w’ bay piblik la e di poukisa yo dwe vote pou ou.

Top 3 video ki gen plis “like” sou chèn Youtube Artists Institute la pral nan final

 

Demi Final 

3 pèfòmans pa kategori ki gen plis vot la pral nan final. Y’ap gen chans rankontre Coach yo pou yon titan ki pral  travay avèk yo e ede yo devlope talan ak estil yo plis, anplis Coach yo ap ba yo devwa pou grand final la.

 

 Ekskli nan konpetisyon an

Komite detik konkou a ap sanksyone video pèfòmans kap klewonnen pawol seksis, rasis, ofansif, rayisab, ak vyolans, ak tout vòt robo.( moun k’ap achte “likes” sou internet pou yo ka genyen).

 

Grande Finale 

Yon jiri ki konpoze de 3 manm ap chwazi kiyes nan chak kategori, ki ranpote premye edisyon Banbile Talan W’ la

Pri

Anplis de chans pou travay avek youn nan pi bon Coach nan kategori pa w’ la, Chanpyon nan chak kategori ap resevwa G.100,000 cash avek yon chans pou reyalize yon pwojè an kolaborasyon avèk Artists Institute.